
klass - pitit deyo كلمات أغنية

depi leu mwen te tou piti
mwen toujou konn ap siveye kileu papam ap rantre
leu vinn grandi, mwen gen lespri
se leu sa map reyalize papam se mesye marye
chak fwa pou’n rankontre, se nan kache, se nan sere
se toujou avèk dlo nan je
chak fwa pou’n rankontre, se nan kache, se nan sere
paske mwen se pit-t deyo
pit-t deyò, pit-t deyò…
mwen di hey
m pa vle moun konprann map vinn defann vagabon
se pa ke m’ pa konn papa
m’ pa gen rezon
men kisa m’fè pou’m mande padon
madan marye voye pye
se tout dwa’l men’l pa panse
mwen pat mande pou’m egziste
papa’m vle supòte’m
men madanm li opoze
i know why!
paske mwen se pit-t deyò
ah, aah!
kl-ss it is baby, yes it is baby!
nickson! aya man!
mwen konnen papa’m an tò
paske’m se pit-t deyò
madan marye!
tanpri ban’m yon ti chans
se pa mwen kite mande fèt
e’m pa kwè papa’m regrèt
madan marye!
tanpri banm yon ti chans
oh! se pa yon bag-y ki fasil
yon fwaye k’ pa ekilibre
manman’m pase mizè anpil
dèfwa li gade’m li tonbe kriye
kesyon mwen gen pou ou madanm
kijan’w tap santi’w nan plas mw?
eske’w patap soufri?
ou pa tap jemi?
banm yon ti chans tanpri
mwen konnen papa’m an tò
paske’m se pit-t deyò
madan marye!
tanpri banm yon ti chans
se pa mwen kite mande fèt
e’m pa kwè papa’m regrèt
madan marye!
tanpri banm yon ti chans
oh! se pa yon bag-y ki fasil
yon fwaye ki pa ekilibre
manman’m pase mizè anpil
dèfwa li gade’m li tonbe kriye
le mal est déjà fait madanm
kijan’w tap santi’w nan plas mwen
eske’w pa tap soufri?
ou pa tap jemi?
banm yon ti chans tanpri
gen madan marye ki pa konsa!
mwen di woy! woy! woy!
gade mizè mwen!
mwen di woy! woy! woy!
gade touman mw!
mwen di woy! woy! woy!
epi tout moun repete sa konsa
peyi’m gen yon bann moun konsa ladann
gen yon pakèt pit-t deyò ladann
gen yon bann timoun san papa ladann
sa pa ladann, sa pa ladann (bis)
m di li pa bon, li pa bon
sa pa bon, li pa bon
m’di li pa bon, li pa bon
bag-y sa pa bon, li pa bon(you know why)
كلمات أغنية عشوائية
- ritm'o - night كلمات أغنية
- mimi mercedez - balans كلمات أغنية
- twenty below - life's a garden, in silvertown كلمات أغنية
- american nomads - gonna be a bad day كلمات أغنية
- sech & wisin & yandel - patabajo كلمات أغنية
- madeline - hurry up pronto كلمات أغنية
- jann arden - everybody's pulling on me كلمات أغنية
- yung beef - lanzadera كلمات أغنية
- julia michaels - love is weird كلمات أغنية
- geyan - hitchcock (feat. babyboi) كلمات أغنية