kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

k-lib mapou - sou kote [ ft p.i.c] كلمات أغنية

Loading...

cl!ck cl!ck yo. yow hype…
ou wè ak son saa, wap eseye resisite k_libr ki te jèn nan
on k_libr ki pot konpwann ke poul konpwann fòl oase sou kote…
sou kote (…)

verse 1
mpat kwè poum wè klè nan peyim fòm te rete atè. non pa nan refleksyon nan bel ide k deja nan simityè
men se tankou w simityè pou wèl fòw pase rapyetè. pouw wè sak fè raketè fè siksè pase yon direktè
paske m te kwè nan pwogrè bonè pwan li kèk otè
chache rekòlte onè panse m te gonw bèl wotè
pou sosyete a pa pwan m pou “rebu” mchante im lè
m a letranje m defann patri m san lame kou imler
m pat janm wè nan ti jacques sovè jan l te parèt pèdi
nèg ki sòt nan klas la se li k reyisi se sa yo tout pè di
mpa janm kwè nan fòs pawòl janm wè sa ou di e rive w
janm wè yo bann kò m entelektyèl roody herrivaux
pat kwè yo tap fè show pou bay vòlè grammy award
alo le polis pa fèt pou nèg alèz stil jacques edouard
m pat konnen pouw konpwann fò m pèdi konpwann ak konsyans konsiderasyon pou konpetans
konesans rete san konsekans konviksyon pèdi tout konsistans
kouw pwan konsyans

hook
visye tankou yon sèk yo trase ki pa gen kote
men m jan on labouyi cho fòk ou pwanl sou kote
pou konpwann ayiti a fòk ou ta pase sou kote
fòk ta konpwann moun sa yo yo mete sou kote
sou kote(…)
san konte, pouw pase, yo k pa konte, yo konte…
verse 2

m pat kwè chen te ka pwan trenen devan pòt kay tayè, dayè
nèg ki a lè jodi a se yok te anreta yè
m pat kwè demokrasi te vle di monte sou ring
atis ak entelektyèl kou ti joseph tounen agent marketing
m pat kwè nan periòd sechrès lavalas tap ka desann
menm jan m pat kwè mte ka vin prezidan lè pantalonm desann
ki moral ou pwal preche 7 pitit on machann pistach
pandanl konpwann ke se sou rad blan k’ gen plis tach
politik ayiti son w gato k pap pa gatow konsa tou lpap fèw kado kap fè n montonw syèl pa do, don nan tonbe nan dlo kounyal se dread kato
si jèn yo te konn sa rap te ye lontan
konba n te konn mennen e kou n te konn pwan
yo tap sispann fè pedan derespekte pi gran koz san pwan tan yo fon w hit detanzantan
m pa bay èd a sa kap rape k pa pe k pi nyè
nan men èd mpwan dalyriks poum bay jarèt pou pepinyè
nan nouvèl jenerasyon an m chache anpil epi i see
on pakèt bon grenn kem bay yo eritaj la ak pic

outro
yow fred ou pa ta fè sa man! ou anrejistre m pandan m ap reflechi byen fò, epi pic parèt li kraze baay la nèt
(pic) mè iii k_libr on baay konsa…
pou w konpwan n mizik sa fòk ou pase sou kote
refleksyon sou ayiti pa nan men karl marx lenine ak emile durkeim
konpwann bwat leta yo se pa eta yo, se anplwaye sou kote kap bay sèvis pa yo

كلمات أغنية عشوائية

كلمات الأغنية الشائعة حالياً

Loading...