d-fi powèt revòlte - machann sab lyrics
[refren]
sa pale de vi m, pale de rèv mwen
ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
sa pale de plim ki tounen glèv mwen
mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
[kouplè 1]
sa pale de rèv, de plim
eprèv, de vi m
de grèv, de krim
èv mwen dekri m
en fait, sa pale de tout sak gen pasyon
li sove m pandan yo t ap di m pou avni m li se pwazon
vole ak vwa samantha drese on geto resital
jay fè m wè im jenès mwen pa dwe chante sou bri bal
tout istwa m nan plim ed ou b_art m viv art
m pa janm echwe m jis konn lòt mwayen pou m gen viktwa
li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
yo te di m m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
depi lè m gen on glèv m pa on atis m se machann zam
mizik mwen fèw reve, m se on machan sab (d_fi)
[refren]
sa pale de vi m, pale de rèv mwen
ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
sa pale de plim ki tounen glèv mwen
mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
[kouplè 2]
chache ekilib ant pa dòmi ase e reve twòp
etènèl fistre jou m bese plim m ap leve glock
sa pale de respè de pè de love
mizik mwen fè w vwayaje poutan l pa pale de dwòg
depoze mo sou santiman anbeli kèk vi trajik
swiv f_ner paske m te kwè l tap banm on vi majik
pou ti frè yo k nan tou a sou tèt plim mwen m limen on brikè
touche nanm ou, jou pa gen metwonòm map rap sou bri kè w
li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
yo te di m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
depi lè m gen on glèv m pa on atis m s on machann zam
mizik mwen fè ou reve m’on machann sab (d_fi)
[refren]
sa pale de vi m, pale de rèv mwen
ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
sa pale de plim ki tounen glèv mwen
mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
li kwaze m nan doulè l met souri sou lèv mwen
yo te di m pa amatè bòlèt pou m pa mize sou rèv mwen
depi lè m gen on glèv mpa on atis m s’on machann zam
mizik mwen fè ou reve m’on machann sab
[refren]
sa pale de vi m, pale de rèv mwen
ak mizik mwen fè n pati, mwen s on machann sab
sa pale de plim ki tounen glèv mwen
mwen plis ke on atis, mwen s on machann zam
كلمات أغنية عشوائية
- siniestro total - respeten nuestro dolor lyrics
- august alsina - today lyrics
- kofi the kyd - midway lyrics
- the damnwells - texas lyrics
- iso h - lähelle on pitkä matka lyrics
- b.j. thomas - just a little talk with jesus lyrics
- the rabid whole - future lyrics
- lowhunter hp - señorita lyrics
- mass hysteria - sur la brèche lyrics
- the unthanks - queen of hearts lyrics