kalimah.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

2senk – tande vwa m pt. 2 كلمات اغاني

Loading...

[verse 1]
m grandi ak chwa bandi ou byen aprann fè rezistans
m ap viv nan on peyi otorite pa bay moun enpòtans
ba n yon lapli pawòl men l pa janm pase swaf nou
nayivte fè n vote moun ki pral kanpe anfas nou
nou p ap fè peyi n ap fè kob ann pran konsyans lan
kisa n te fè pou n anpeche m gang nan delma 30 lan
kapasite yo la men se nou k pa ede “l’union fait la force” sa soti nan bouch li pa soti nan kè
yon peyi sal n ap di l spesyal m pa wè rezon poun fyè
reyalite a se sa n ap fè sanblan n p ap viv vre
mesye jis kounya gen djòb pote chay sou tèt
si peyi m pa devlope se paske nou g on bann sousèt
timoun k ap fè timoun avni 5 kòb anba pla men
jenerasyon an jenerasyon kilè jodi p ap dеmen n
aprè lanmò l nou te fè promès fè foto ak papa l
men kisa n fè pou anpеche repete zak sa
met valè sik ou vle sou kaka l ap ret kaka
manman l toujou nan mache a pitit mizè grandi pa konn bat ba
yo touye rèv nou opòtinite n se zam
zetwal yo konn etenn vre m espere tibadou tande vwa m

[refren]
kouran 24 sou 24 manti
nou koz la chaje bandi
nou pa kreye anyen pandan n te fè promès ba n manti
paske n pa pitit moun kòb yo
nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo
n ap reziste nou p ap mouri pou mil goud nou p ap souri
mesye nèg sa yo pa kanpe avè n menm nan maladi
paske n pa pitit moun kòb yo
nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo

[verse 2]
men s on bann blofè k ap met bèl vès boule bon vèt
roule bèl machin nou menm gonfle n andan on kamyonèt
vilaj te bay anèl ebyen dèlma ka bay 2senk
si m ta mouri jèn se k ap koz anyen m p ap regrèt
se paske m pa fòse lavi k fè m pa gentan volè
m mèt fè 10 an m ap rap nou konn sa m p ap janm milyonè
ayiti pa w la diferan pa pou moun hollywood
pou m g on minimòm m pa t bzwen pitit moun kob yo
fimen bwè kleren tout jounen m pa t wè vi m konsa
doony pa t ap pati si n chanje sitiyasyon sa
nèg la mèt fè gwo etid pou l viv se ak yon vye moto
ou byen l f on ti biznis ki pa janm depase on treto
m ap rap pou sistèm nan pa chanje m
yow m ap rap pou chak fwa menm on pate tiboudou m pa t ka manje
m ap rap pou kokiyo aprè lapli
m ap rap pou papouch m ap rap pou dario m ap rap pou ti clo ak nesly
menm si m riske m ap rap m fè chwa rape sa m viv
ui m ap rap mwen p ap sispann paske si m p ap rape m p ap viv
yo touye rèv nou opòtinite n se zam
zetwal yo konn etenn vre m espere tibadou tande vwa m

[refren]
kouran 24 sou 24 manti
nou koz la chaje bandi
nou pa kreye anyen pandan n te fè promès ba n manti
paske n pa pitit moun kòb yo
nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo
n ap reziste nou p ap mouri pou mil goud nou p ap souri
mesye nèg sa yo pa kanpe avè n menm nan maladi
paske n pa pitit moun kòb yo
nou pa pitit moun kòb yo ki fè yo trete n tankou fatra ki nan tou rigòl yo

كلمات أغنية عشوائية

اهم الاغاني لهذا الاسبوع

Loading...