2senk - tande vwa m lyrics
[verse 1]
nou tout vle chanje sistèm nan se sistèm nan k chanje nou
m panse jovenel t ap ale aprè lanmò frè m tibadou
paske pacgen politisyen men son bann ti visye ki fè
peyi m malad kèk jou a koz de yo l pa janm refè
si n banm kritik sou jan m ap viv se fòt peyi m tou
bag_y sa blese kè m fè m panse anpil lè m wè eta m tou
lòt peyi ap fè avan nou menm nou ap fè bak
se paske n pa konn sa n vo ki fè yo pran nou pou fè blag
pou n fè rakousi fòk nou chanje sistèm sa
franchman m pa wè ki kote m prale ann chanje ansèy sa
n ap fè milyon pandan m pa menm gen yon santim
se sèl tèt nou n wè mesye jis kilè n ap kite vye konsèp sa
m bouche nen m pou m bwè dlo santi an mwen vomil
se sèl mizik mwen ka fè aprè se pa anyen n ofri m
malgre je nou kale m pa gen okenn vizyon
ann fè on jan pou n libere paul orest frè m ki nan prizon
[refren]
m pa pitit moun kòb yo se la mizè k grandi m
w ap fè milyon pou m boule kawotchou s on mil goud ou ofri m
respekte dwa m tou kanmèm mwen fè devwa m tou
pou m konbat sistèm sa mwen fè mizik fè tande vwa m tou
2ème vès
ayiti pa janm beni mesye poutan tout gras yo la
mwen son jèn lekol mwen pa fini pandan tout klas yo la
se nou k koz paske n pa ban m okenn posibilite
pa etone n si demen m pa fè rap son ti anèl m vin ye
nan pa banm ankadreman sa rann mwen viv kou kanibal
pou m fè mizik sa m riske vim m vann telefòn bò katedral
mwen konnen m pral kritike m n ap di m son atis k ap plenyen
men n pa janm mande tèt nou poukisa tèt kròt pa penyen
antouka malgre mizè a la kanmèm m konn pri pasyans
nou trete moun tankou bèt kòman n te vle m ret fè silans
ak 5 moun nan yon chanm kay lè l fè lapli m dòmi kanpe
m konnen kanmèm fò m dòmi men mwen te vle sispann reve frè m
gen eksperyans se paske m angaje k fè m fè yo
tout bèl pawòl avèk pwomès ou te fèm kwè yo
jodi a la manti w te bay mwen k ap sibi yo
dat ou te pran pouvwa sa sa k ap fè mal ou vle denonse yo..
[refren]
m pa pitit moun kòb yo se la mizè k grandi m
w ap fè milyon pou m boule kawotchou s on mil goud ou ofri m
respekte dwa m tou kanmèm mwen fè devwa m tou
pou m konbat sistèm sa mwen fè mizik fè tande vwa m tou
كلمات أغنية عشوائية
- norm lewis - is this what you call love? lyrics
- imen es - ma chérie lyrics
- ryan garmattou - lil nas x - thats what i want lyrics
- wwmkeith - never trust the stars. lyrics
- lucki & f1lthy - used 2 be lyrics
- kemurii, rozzah - who tf is like me? lyrics
- hands of despair - they say their screams can still be heard lyrics
- 5 seconds of summer - 2011 lyrics
- dropout gv - manhã lyrics
- yumi matsutoya - 緑の町に舞い降りて (ode of morioka / midori no machi ni maiorite) lyrics